Nan yon konferans pou laprès ki te fèt nan Centre d’Opérations d’Urgence National (COUN), madi 9 jen 2026, Pwoteksyon Sivil Ayiti prezante plan nasyonal li pou sezon siklòn ane sa a. Daprè previzyon meteyo yo, sezon 2026 la gen anpil chans pou li pi aktif pase nòmal, ak 8 a 14 tanpèt twopikal, 3 a 6 siklòn, epi 1 a 3 siklòn majò.
Direksyon Pwoteksyon Sivil la fè konnen sitiyasyon an mande yon mobilizasyon nasyonal, paske anpil kominote rete vilnerab fas ak inondasyon, glisman tè, ak van fò.
Dapre SNGRD, plizyè aksyon deja lanse pou limite risk yo:
- Kouraj kanal ak rivyè nan zòn ki pi ekspoze yo
- Fòmasyon ak remobilizasyon volontè lokal yo
- Mizajou sistèm alèt bonè yo
- Ranfòsman kapasite ekip repons rapid yo
- Kominikasyon ak popilasyon an atravè radyo, SMS, ak medya lokal yo
Direktè Pwoteksyon Sivil la raple ke objektif prensipal la se pwoteje lavi, epi asire ke chak fanmi konnen kijan pou yo prepare.
Otorite yo mande sitwayen yo pou:
- Evite travèse dlo k ap koule
- Pa rete nan zòn ki anba nivo lanmè
- Prepare yon kit ijans
- Swiv alèt ofisyèl yo sèlman
Yo ensiste sou nesesite pou kominote yo rete vijilan, paske yon sèl tanpèt kapab lakoz gwo domaj.

