Pòtoprens, Ayiti — Nan kad operasyon pou ranfòse sekirite nan kapital la, Minis Defans lan, Mario Andrésol, te fè yon vizit enspeksyon sou plizyè espas estratejik ki fèk pase anba kontwòl Fòs Ame d Ayiti (FAd’H). Vizit sa a te fèt pou evalye sitiyasyon an ak kondisyon travay militè ki deplwaye nan zòn yo.
Pandan deplasman an, delegasyon an te vizite plizyè enstitisyon ak batiman enpòtan ki sitiye sou Avni Christophe, nan sant vil Pòtoprens. Dapre otorite yo, espas sa yo te sibi gwo operasyon sekirite anvan yo te kapab retounen anba otorite Leta.
Minis la te pwofite rankontre ak responsab ki sou teren an pou fè yon evalyasyon sou bezwen lojistik ak operasyonèl twoup yo. Li mete aksan sou enpòtans pou fòs sekirite yo kontinye travay ak disiplin ak detèminasyon pou pwoteje popilasyon an epi konsolide prezans Leta nan zòn estratejik yo.
Responsab yo kwè rekiperasyon espas sa yo se yon etap enpòtan nan efò k ap fèt pou diminye ensekirite a epi pèmèt sèvis piblik yo reprann fonksyone nòmalman.
Plizyè obsèvatè estime aksyon sa yo kapab kontribye nan retablisman estabilite nan Pòtoprens, sitou si operasyon sekirite yo kontinye nan lòt zòn ki toujou anba menas gwoup ame yo.
Otorite defans yo fè konnen objektif la rete menm jan an : reprann kontwòl teritwa yo, pwoteje enstitisyon Leta yo epi kreye yon anviwònman ki pi an sekirite pou popilasyon an.

